
Turbulence à la Mairie de Saint-André
5 juillet, parAprès les coupures d’eau mémorables sur fond de polémique, le conflit Mairie de Saint-André-Cirest qui perdure, les plaintes à répétition, les (…)
29 désanm 2006
Pouvwa se moun soud
Ki kwè nan goud
Grandèt chita nan Lafrans
Ape manje melonfrans
Pouvwa se moun soud
Ki kwè nan goud
Grandèt chita nan Toulouz
Ap manje diri mangougous
Pouvwa se moun soud
Ki kwè nan goud
Grandèt chita nan Nouyòk
Ape manje Manyòk
Pouvwa se moun soud
Ki kwè nan goud
Grandèt chita Etazini
Ape manje diri
Pouvwa se moun soud
Ki kwè nan goud
Grandèt chita nan Kanada
Ape manje kann anana
Pouvwa se moun soud
Ki kwè nan goud
Grandèt chita Kebèk
Ap manje kenèp
Sanchosèt
Grandèt renmen mepri
Soufrans se yon komedi
Sòyèt te mèt rele
Grandèt ap bonnaye
Paske li nan soufrans
Sòyèt wè byenfezans
Paske li nan pouvwa
Grandèt wè fannfwa
Pouvwa se fèmen je
Toupizi malere
Sòyèt te mèt rele
Grandèt ap bonnaye
Pouvwa se konprese
Pye lavi malere
Sòyèt te mèt rele
Grandèt ap Bonnaye
Lè wou pa gen mwayen
Yo pa pran w pou anyen
Grandèt renmen mepri
Soufrans se yon komedi
Lè wou pa gen lajan
Wou se yon kannannan
Grandèt renmen mepri
Soufrans se yon komedi
Lè w se pitit Sòyèt
Wou se moun san chosèt
Grandèt renmen mepri
Soufrans se yon komedi
Pa gen Zòrèy
Grandèt chita sou pouvwa
Se pou domine yo la
Lojik gwo ki vin pi gwo
Lojik wo ki vin pi wo
Plenyen plenyen sou plenyen
Pap janmen chanje anyen
Pouvwa pa genyen zòrèy
Pou tande kè ki nan dèy
Kriye kriye sou kriye
Anyen pap janmen chanje
Pouvwa pa gen zòrèy
Pou tande kè ki nan dèy
Rele rele sou rele
Anyen pap janmen chanje
Pouvwa pa genyen zòrèy
Pou tande kè ki nan dèy
Movesan mande pitye
Anyen pap janmen chanje
Pouvwa pa genyen zòrèy
Pou tande kè ki nan dèy
Anro anba
Bagay yo pat janm egal
Yo pa gen menm direksyon
Yo pa genyen menm desten
Se konsa sosyete ye
Grandèt pran avyon avyon
Li monte anlè anro
Wi anro anro anro
Wi anro anro anro
Sòyèt menm pran parachit
Li desann anba anba
Wi anba anba anba
Wi anba anba anba
Bagay yo pat janm egal
Se konsa sosyete ye
Wi anro anba anro
Wi anba anro anba
Yo pa gen menm direksyon
Se konsa sosyete ye
Wi anro anba anro
Wi anba anro anba
Yo pa genyen menm desten
Se konsa sosyete ye
Wi anro anba anro
Wi anba anro anba
Levebese
Bagay yo kòdjonm kòdjonm
Tout bagay yo tèt anba
Si yonn ape domine
Lòt la pa kapab monte
Grandèt kape domine
Sòyèt kape ankese
pwomosyon se pou Grandèt
opresyon se pou Sòyèt
Grandèt kape domine
Sòyèt kape ankese
Bon pozisyon se pou Grandèt
Represyon se pou Sòyèt
Grandèt kape domine
Sòyèt kape ankese
Grandèt leve tèt anro
Soyèt bese tèt anba
Nan limajinè
Grandèt yo di mizè
Se nan limajinè
Grandèt, moun ki byen, di
Se nan koko lespri
Mezanmi mezanmi
Mwen kwè se pa manti
Vant se zanmi lespri
Se leson lanati
Mezanmi mezanmi
Mwen kwè se pa manti
Bezwen lye avèk lespri
Se volonte lanati
Byenfè osinon mefè
Metabolis gen zefè
Andedan fon lespri
Se volonte lanati
Lè yon moun nan malpri
Lespri kapab pati
Pa gen rans ni radòt
Se yonn antre nan lòt
Edner saint Amour
Après les coupures d’eau mémorables sur fond de polémique, le conflit Mairie de Saint-André-Cirest qui perdure, les plaintes à répétition, les (…)
Le CIOM « national » aura bien lieu le 10 juillet au Ministère des Outre-mer, en présence du Premier ministre, François Bayrou et du ministre de (…)
Kan i ariv Novanm-Désanm-Zanvié, domoun i réziste pi ek la salèr. Zène-zan i mars dann somin, zène-fi i roul an dékolté ; sétaki i rod in manir po (…)
En avril 2025, la ministre malgache des Affaires étrangères, Rasata Rafaravavitafika a déclaré que "la position de Madagascar concernant la (…)
L’ancien chef de la diplomatie européenne a déclara qu’« en un mois, 550 Palestiniens affamés ont été tués par des mercenaires américains ». Une (…)
Après l’opération militaire d’Israël « Rising Lion » (« Lion dressé ») contre l’Iran dans la nuit du jeudi 12 au vendredi 13 juin 2025, et celle (…)
La Réunion fait partie des régions françaises les plus touchées par les conséquences sanitaires, sociales et judiciaires de la consommation (…)
1993- La disparition de Lucet Langenier. Elle a été brutale, prématurée et a frappé douloureusement non seulement sa famille mais aussi ses (…)
C’est dans une ambiance chaleureuse avec un état d’esprit fraternel que les délégués de la Section PCR de Sainte-Suzanne se sont réunis en (…)
La section PCR du Port apprend avec une profonde tristesse le décès de Nadia PAYET, ancienne déléguée syndicale CGTR. Militante engagée et (…)
Les technologies de Google Cloud renforceront la plateforme d’Ecobank pour améliorer la banque digitale, le soutien aux petites et moyennes (…)
Le patron des communistes, Fabien Roussel, ne se rendra pas à une réunion de la Gauche sur l’hypothèse d’une candidature commune de gauche en (…)